Bienvenue sur le site de l'Institut de Technologie et d'Animation (ITECA)
EMAIL US AT iteca25lane@yahoo.fr
CALL US NOW +509 3430-0518 / 2227 - 7498

Yon ti rale sou istwa òganizasyon popilè ak mas yo nan peyi Dayiti

Sòti nan ane 1978, 79 ak 80 pou rive nan ane 2020, òganizasyon ak mouvman popilè yo te koumanse ap pran chè nan tout peyi a, kote te gen anpil peyizan ki te konn al pran fòmasyon nan enstitisyon tankou IDEA, ITECA, MPP, EKIP MISYONÈ JANRABEL, BOCHAN, elatriye.

Avèk tout fòmasyon peyizan yo t ap resevwa nan diferan enstitisyon sa yo, san konte kèk lòt enstitisyon ki t ap travay nan milye lavil yo tankou GATAP, konsyans peyizan ak mas defavorize nan bidonvil yo te koumanse parèt klè kon dlo kòk.

Se konsa yo te konn chita pa gwoup 10, nan chak bitasyon, pou:

  1. reflechi sou pwoblèm,
  2. chache solisyon posib,
  3. epi voye lèt nan tout stasyon radyo pou fè tande revandikasyon yo, ki se: 
  • bon Edikasyon,
  • bon jan Alfabetizasyon,
  • bon jan Dlo potab,
  • Sante pou tout moun, san diskriminasyon,
  • yon sèl Batistè pou tout sitwayen Ayisyen,
  • bon jan Refòm Agrè ak tè Leta pou peyizan travay
  • bon jan Ankadreman,
  • mete tout rivyè kap koule ale nan lanmè, nan sèvis agrikiltè pou rouze tè pèyizan yo,
  • jete pon sou tout rivyè k ap bwote moun al jete nan lanmè,
  • amenaje mache piblik yo,
  • sispann fè peye pakèt lajan pou lesepase zannimo, elatriye…

Reyaksyon Otorite yo:

Fas a revandikasyon pèp la, chèf seksyon, choukèt lawouze ak tonton makout fè pèp la moute nechèl pa do.  Depi lè sa a, se te arestasyon ilegal, chak jou, maspinay, anprizònman tribò pa bò.

Zago loray yo pa janm sispann maspinen epi maltrete kèlkeswa moun, oubyen gwoup moun, yo jwenn kap plenyen mizè yo.

Sou Duvalier, chèf seksyon ak tonton makout t ap fè ratibwazay : arestasyon, disparisyon, baboukèt, elatriye.  nan milye peyizan yo.

Nan vil yo, te genyen zenglendo.

Nan katye popilè Site Solèy, yo manje Chalot Jacquelin.

Dènye gout dlo ki te ranvèse Duvalier, se asasina 3 elèv lekòl Gonayiv yo :

JEAN ROBERT CIUS, DANIEL IZRAEL ak MAKENSON MICHEL.

Malgre tout ratibwazay ak pikan kwenna ki te drese sou wout mobilizasyon ak revandikasyon mas popilè yo, te rive yon moman, diktati a pat ka kenbe ankò paske, jou aprè jou, mouvman revandikasyon mas pèp la t ap vin pi fò.

 

 

7 fevriye 1986 : “ke makak la kase”.

Anpil moun te konprann se yon revolisyon ki te fèt.  Podyab, se te byen konte mal kalkile. Pa t gen okenn preparasyon ki te fèt pou te ranplase chèf diktati a, lè l tonbe.

Se konsa lame Dayiti pran pouvwa a avèk Jeneral Henry Namphy nan tèt, jeneral Williams Regala, Prosper Avril, Alix Cineas, Max Valès e mèt Gerard Gourgue.

Lit pèp la pran yon lòt dimansyon.  Nan dezyèm faz sa a, revandikasyon yo kontinye pi rèd.  Gouvènman militè defakto a koumanse griyen dan l tankou yon lyon ki vle bwè san ti mouton.

23 jiyè 1987:  yo òganize masak ti peyizan Janrabel, youn nan pi gwo masak ki te janm fèt nan peyi a.

Apre sa, yo kraze kilti diri Latibonit ak konplisite gouvènman ameriken (Bill Clinton); yo fèmen Siman Dayiti, Minotri, tout izin sikriyè soti nan Nò pase pa HASCO, Dabòn, Santral Desalin Okay… Plis, yo detwi kokotye, sitris ak tout lòt kalite zab fwitye.

29 novanm 87:  yo fè masak Riyèl Vayan sou yon popilasyon, 2 men balanse ak bilten vòt nan men yo, pou al chwazi moun yo te vle pou dirije desten peyi a.

Apre sa, yo nonmen Pwofesè François Leslie Manigat St Rock pou yon ti bout tan.

Apre sa, yo flanke l yon koudeta. Henry Namphy pran pouvwa a pou kont li, kounye a.

Prosper Avril ki jal entelijan mitonnen yon koudeta nan baz lame a. Avèk Sèjan Hebreux, yo kapote Namphy.  Avril pwan pouvwa a, soti 88-89 pou rive debi ane 90.

Fen ane 89 pou 90, soulèvman popilè kapote Avril. Ertha P. Trouillot, youn  nan jij Kou Kasasyon, te vin ranplase l;

16 desanm 1990, premye eleksyon lib te fèt nan peyi a : se Jean Bertrand Aristide ki te ranpòte laviktwa nan eleksyon sa yo.

Jean Bertrand Aristide : Soti 7 fevriye rive septanm 90

Aristide fè 7 mwa sou pouvwa a.  Kèk chanjman te koumanse fèt.  Apre sa a, rès ke makak la, tonton makout degize ki te bò kote Aristide mete ak malfini lòt bò dlo, tout mete ansanm, yo ranvèse Aristide : represyon sistematik repran jarèt pi rèd.  Chèf seksyon ki te nan mawon, choukèt lawouze, tonton makout retounen ak kostim ble yo pi rèd, alòske mas popilè, yo menm, nan mawon.

Nou kapab di : depi Duvalier jis rive jounen jodi a, chak gouvènman ki moute sou pouvwa, represyon an pran yon lot fòm :

KONSEKANS :

Disparisyon tout pwodui lokal nou yo tankou Kochon kreyòl, diri latibonit, kokotye, siman Dayiti, minotri, izin, sikriyè, elatriye.

« Egzòd riral » : Abitan depeyize rantre lavil, anpil animatè peyizan kite peyi a, yo ale nan lòt peyi tankou : Brezil, Chili, Repiblik Dominikèn, Baamas, Etazini, elatriye.

Lòt KONSEKANS toujou : lavi chè, lajan ayisyen: goud la pèdi tout valè li.

Jodi a, mo zenglendo a pa egziste ankò. Se kidnapin, gang ame, espesyalman nan kapital la, Pòtoprens (tou pre Palè nasyonal) 

Men kèk ti pwogrè ki fèt aprè 7 fevriye 1986:

1    Baboukèt la tonbe,

2- yon sèl batistè pou tout Ayisyen (pa gen youn pou peyizan, youn pou moun lavil)

3- gen plis fanm nan administrasyon Leta yo

4- sendika yo kapab òganize yo, menm si yo pa p tande yo,

5- anplwaye Leta yo gen dwa kanpe travay pou reklame dwa yo

6- pouvwa Lejislatif la fonksyonèl, menm si li andegraba

7- gen yon swadizan Konsèy elektoral pwovizwa, menm si se yon maryonèt nan men swadizan moun kap dirije yo ak kominote entènasyonal la, espesyalman Etazini

8- eleksyon demokratik te rive fèt nan peyi a, menm si se yon sèl fwa an 1990 (7 mwa apre pentad ak malfini te konplote ansanm, yo te kraze espwa demokrasi sa a)

9- nan kesyon kat mache, malere te vin rale yon ti soufss

10- yon pon sou 3 rivyè nan Nòdwès

11- ti peyizan vin okipe bon pati nan tè Leta yo

12- retablisman relasyon diplomatik ant Ayiti ak Kiba

13-Leta rive bay kèk lekòl nasyonal ak lise, kèk kote nan peyi a: ekzanp lise Remon, youn nan pi bèl atravè tout peyi a

 

Silasso Jean-Baptiste ak Fadinier Jean-Louis

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *