Bienvenue sur le site de l'Institut de Technologie et d'Animation (ITECA)
EMAIL US AT iteca25lane@yahoo.fr
CALL US NOW +509 3430-0518 / 2227 - 7498

Pozisyon ITECA nan jounen 8 mas 2020 an

Jodi a nan okazyon jounen 8 mas 2020 an ki se 43zyèm lane depi Nasyonzini te aksepte konsakre jou sa a  kòm Jounen Entènasyonal Dwa fanm yo, n ap pwofite fè yon rapèl sou orijin dat sa.

Orijin 8 mas la se charye batay fanm mennen deja, kit se nan lòt peyi oubyen peyi Dayiti, pou rache yon seri dwa. Li pote siyifikasyon batay òganizasyon fanm peyizan yo mennen nan tout sans pou pwodui pou defann dwa yo kont tout fòm enjistis y ap sibi nan sosyete a.

Se « Clara Zetkin » yon fanm sosyalis nan peyi Almay ki te goumen pou fanm yo gen yon jounen espesyal pou yo,reflechi sou dwa yo. Zektin te pwopoze pou chwazi dat sa a nan dezyèm Konferans Entènasyonal Fanm Sosyalis yo. Yo chwazi dat  8 mas la paske te gen plizyè gwo evènman ki te rive nan dat sa pandan plizyè ane kite pase anvan. Tankou :

8 mas 1917 nan peyi Larisi, anpil fanm te pran lari pou pwoteste kont lagè, grangou ak lavi chè epi yo leve drapo revolisyon an byen wo tou. Sa ki ta pral bay Revolisyon nan peyi sa a yon gwo bourad.

8 mas 1957 nan vil Nouyòk ouvriye fanm yo nan yon izin twal te pwoteste pou mande pi bon  kondisyon travay. Lapolis ak Leta te fè yon represyon anraje sou yo.  Gen anpil nan fanm sa yo ki te mouri jou sa a.

Apre anpil batay pou dat sa a vin ofisyèl nan tout peyi sou latè, Nasyonzini vin rekonèt 8 mas kòm jounen entènasyonal dwa fanm nan lane 1977.

Jounen jodi a n ap bat bravo  pou tèt nou, pou batay nou menm òganizasyon fanm peyizan mennen deja epi n ap kontinye mennen pou dwa nou. N ap batay pou nou jwenn tè pou nou travay, pou nou travay nan pi bon kondisyon, pou nou ka pwodui pi byen pou nou menm ak pou fanmi nou.

N ap kontinye lite pou nou amelyore kondisyon lavi nou, pou nou jwenn dwa lapawòl, dwa pou vote, dwa pou  touche pou travay nou fè, dwa pou kadejak jije kòm krim, dwa pou ti fi gen menm edikasyon ak ti gason, elatriye.

Men malgre anpil òganizasyon fanm ap batay pou defann dwa fanm yo, ou jwenn anpil sektè ki pa tèlman vle apiye mouvman fanm yo. Nan dènye tan sa yo ou jwenn anpil sektè k ap sèvi ak jounen sa a pou regle zafè ekonomik ak politik yo.

Kredi Foto: ITECA

Gen lòt ki chache voye toya ak pwopagann pou minimize lit fanm yo ap mennen. Nan sans sa a, gen moun ki di fanm pa bezwen batay ankò paske yo deja egal ego ak gason. Gen gason ki gen pwoblèm tou ki di fòk yo ta gen jou pa yo. Gen moun ki menm di w pa gen rezon pou n ap selebre 8 mas paske tout fanm fin konnen sa ki 8 mas la.

8 mas jounen jodi a mesaj nou klè, n ap bay fanm yo tout valè yo merite pou batay yo mennen deja epi y ap kontinye mennen pou dwa yo. Depi lontan fanm yo ap lite pou defann dwa yo epi amelyore kondisyon lavi yo. Dwa pou vote, dwa pou yo touche pou travay yo fè, dwa pou kadejak jije kòm krim, dwa pou ti fi gen menm edikasyon ak ti gason, elatriye. Se yon pakèt batay fanm mennen pou fanm yo. Se pa sistèm lan pa p transfòme tèt li. Idewoloji dominant lan vle fè kwè anpil gany mouvman feminis lan rache se efè yon pwogrè otomatik[1].

Nan tout melimelo k ap fèt sou sou do fanm, li enpòtan pou mouvman fanm nan fè tout moun konnen, se batay fanm, epi se batay nou menm fanm sèlman k ap fè pwogrè nou vanse. Transmisyon istwa batay kolektif fanm yo mennen gen tout sans li nan kontèks politik sosyal ak ekonomik n ap viv jounen jodi a.

Sistèm peze souse a  pa p janm chanje pou kont li. Ideyoloji dominan an toujou vle fè kwè anpil gany mouvman fanm yo rache se efè yon pwogrè otomatik.[2] Li dwe klè pou nou  tout se batay nou menm fanm ap mennen  k ap fè dwa fanm yo vanse nan kontèks politik sosyal ak ekonomik n ap viv jounen jodi a.

Depi toujou, malgre tan sa dwe pran mouvman fanm lan dwe mobilize pou transfòme sosyete sa a kote se sistèm patriyakal la ak sistèm peze souse a k ap deside sou dwa fanm. Pou nou rive la, nou konnen yon sèl jou pa kont ! Men 8 mas rete pi bon moman pou nou fè limyè sou tout gany nou rache deja ak sa ki rete pou nou rache, pou nou rive nan yon sosyete ekilibre, solidè, kote jistis blayi tout bon vre.

[1] Christine Delphy, féministe francaise  auteur de plusieurs ouvrage (classer, dominer, Que sont les « autres »

[2] Christine Delphy, féministe française auteur de plusieurs ouvrages (classer, dominer, Que sont les « autres »)

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *